Òganizasyon santral leta , Kisa lalwa di ?


Rezime lwa 27 septanm 2005 sou administrasyon santral leta. (Premye Pati)




  Administrasyon piblik nasyonal  la se enstriman ke leta itilize pou atenn misyon ak objektif li. Li gen ladan : Administrasyon  Leta ak administrasyon kolektivite teritoryal yo.
Sa vle di kèlkeswa sa leta vle fè se pa mwayen administrasyon piblik nasyonal la pou li fèl’, kit se arete yon moun oswa siyen kontra ak yon lòt peyi.Lalwa ki jere kesyon sa te soti nan Monitè 27 septanm 2005 lan, li gen  174 atik (se yon lwa ki long ) e li divize an  6 tit.Nou gen pou nou pase an revi tout òganizasyon nan administrasyon piblik nasyonal la. Men nan atik sa ak swit li yo , nap gen pou nou pale sèlman de administrasyon santral leta. Le yap pale de aministrasyon leta yo vle pale de
  • 1      Administrasyon santral la,  
  • 2)      Ògan pouvwa legistatif yo (Sena ak chanm depite yo )
  • 3)      Ògan pouvwa jidisyè yo ( Nap pale de yo nan yon prochen atik )
  • 4)      Ògan enstitisyon endepandant yo ( KEP, CSC/CA, OPC, elatriye…)


Administrasyon koletivite teritoryal yo gen ladan :
  1.       Administrasyon komin yo
  1.      Administrasyon seksyon yo
  1.       Ak depatman yo
  1.       Pou fini , konsèy entedepatmantal yo

Administrasyon santral leta fikse objektif sèvis dekonsantre yo ,ba yo mwayen finansye ak teknik pou yo fonksyone.epi evalye pèfomans yo.Lalwa garanti ak sitwayen pou yo :
  1.       Patisipe nan gesyon zafè piblik yo ( gras kapasite pou yo travay ladanl’, voye je sou fonksyonman yo, denonse move pratik kap fèt nan administrasyon piblik yo )
  1.       Dwa pou yo gen aksè  ak sèvis piblik ki satisfè bezwen ki nan enterè tout moun.
  1.       Dwa pou yo toujou gen aksè ak sèvis yo, regilyèman e de fason pèmanan.
  1.      Pou yo tout moun ka gen aksè ak sèvis piblik nan egalite ,sitou atravè dekonsantasyon  sèvis yo nan komin yo , nan depatman yo. (Sa vle di yo dwe mete sèvis a dispozisyon tout moun, moun yo pa oblije ap pran machin pou plis ke 20 kilomèt pou yo ka fè kat yo oswa pou yo peye taks yo.)

Administrasyon santral leta gen ladan :
  1.       Ògan pouvwa egzekitif la ;
  1.        Ògan teknikman dekonsantre
  1.       Ògan teritoryalman dekonsantre
  1.       Ak etablisman piblik yo oswa òganis otonòm yo.


Ògan pouvwa egzekitif la gen ladan  : la prezidans , la primati, konsèy minis yo, ak ministè yo. Li la pou fomile  e oryante politik piblik yo,prepare desizyon politik gouvènman e mete yo an aplikasyon.Sèvis teknikman dekonsantre yo , pa egzanp PNH, IGF, se enstitisyon ki soti nan ministè yo, ki la pou jere de tach espesyal.Sèvis teritoryalman dekonsantre se tout biwo rejyonal , depatmantal oswa kominal òganis santral yo.Òganis otonòm se kèk enstitisyon ke lalwa kreye ki la pou jere de tach espesyal e ki pa depann de oken lòt ògan siperyè.
An rezime , Administrasyon piblik nasyonal anglobe tout òganizasyon piblik yo, e lè yap pale de òganizayon santral ,Ògan pouvwa legistatif yo, Ògan pouvwa jidisyè yo, Ògan enstitisyon endepandant ak administrasyon kolektivite teritoryal yo pa ladan.




Plus récente Plus ancienne